Tumgik
#medukey
etiennelouisjuste · 1 year
Photo
Tumblr media
Ou Nan fon somèy byen poze ,epi on sèl kou bagay la pranw, lap pezew , tankou se nenpòt 3 moun ki kouche Sou ou ,Lang ou lou, Wap eseye rele manman ,papa,bouch ou pa ka louvri ,ou pa menm ka bouje ,kòmsiw santi lap toufew ....epi ou pran tout fòs ou ,ou rele Jeziiiiiii . OU REVEYE !!!!!! Wi fòk ou reveye paske se Dòmi ou tap Dòmi ,sansasyon sa se on twoub ou genyen Nan somèy ou ki rele "Paralysie du Sommeil" (Paralizi somèy ) Nan tèm pi Teknik " Paralysie Hypnopompique" SI SE PA ON DJAB KI SA Ki LAKOZ? Lè Wap dòmi sitou lèw rive Nan on faz ki rele "somèy paradoksal" Pou evite ou fè twòp mouvman pandan Wap dòmi an kò a libere on molekil ki rele #Glycine Ki anpeche ou itilize "misk eskeletik" yo , tankou misk ki pèmèt ou mache , chita... Kidonk #Glycine Nan paralizew Nan moman sa yo . Erezman molekil sa ekziste , imajinew siw ta Reve wap goumen ak on banm moun Wap tire kout pwen ,kout pye.... Ebyen se menm mouvman sa yo ,ou ta pral fè Sou kabann lan , sa te ka rive ou blese tèt ou pandan Wap dòmi an . #Glycine nan reprezante on fòm de proteksyon pandan ke Wap dòmi Malerezman Pou on rezon ou Pou on lòt ,pandan ke molekil sa paralizew lan , se Nan moman sa ou pral reveye . Ou konsate avèk anpil laperèz ke w pa ka bouje ,ou pa ka pale ,ou pa ka fè anyen . ouvin panike ,kèw AP bat fò ,ou gen alisinasyon ( hallucinations) ( ou ka menm wè on lonbraj kap pezew ) Sèvo a ap eseye konprann sa kap pase a E kòm tout fenomèn nou pa ka konprann , nou pa ka byen eksplike Dènye rekou nou genyen se asimilie sa kap rive nou an Ak volonte BONDYE ,oswa nou di se on DJAB. MEN ESKE ON DJAB PAKA FÈ ON MOUN SA TOU DÒK ? -Sa m pa gen konpetans poum reponn li M Pataje konesans lan avèw , kounya se Tou pa'w Babay ,pa Bliye toujou fè byen nan antouraj ou Dr Jimmy SAINT-HILAIRE (chirurgien) #medukey #drjimmysainthilaire #etiennelouisjuste #sante #medecine #Haiti #creole https://www.instagram.com/p/CkyEhknLcIQ/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes